Chant 48

mèvèye, abondan gras Bondye

HC RL · Créole

Kouplè 1

Ala yon mèvèy de gras Bondye, Gras ki pi gran pase tout peche. Sou mòn kalve Jezi krisifye, San Li te vèse la pou nou tout.

Kè

Gras, gras, gras Bondye, Gras ki padone e pirifye; Gras, gras, gras Bondye, Gras ki pi gran pase tout peche.

Kouplè 2

Lalwa parèt, peche ogmante Menase nanm nou pou nou bite, Gras la pi gran, gras la anvayi, Li montre nou yon refij nan Kris.

Kouplè 3

Mèvèye gras Li ki san mezi, Bondye bay li pou tout moun ki kwè; Ou menm ki ta renmen wè Jezi, Eske w vle resevwa gras kalvè? (Tabernacle Hymns 3 No.48)

Retour aux chants