Kouplè 1
Letènèl se gadyen, mwen pa manke Paske Li fè m repoze Li nouri m byen, li mennen mwen Kote dlo a byen fre.
Kè
Wi, jouk li pa rèd, fado li lejè; Se sa m twouve, se sa m twouve, Li nouri m byen, li toujou mennen m Kote dlo a byen fre.
Kouplè 2
Chak jou Bon Bèje a refè nanm mwen Li kondwi m nan bon chemen Mwen ta egare, lwen Bondye Pou tèt non Li kenbe m.
Kouplè 3
Nan kay Letènèl la m ava rete, Lènmi pa fouti pwoche m, Tou jou lavi isiba Gras Li akonpagne m. (Choice Hymns of faith No. 313)
