Chant 42

Onore le Senyè Jezi

HC RL · Créole

Kouplè 1

Onore le Senyè Jezi An nou tout felisite Li; Sonje byen ki jan nou dwe Li Sa nou posede.

Kouplè 2

Chè Senyè ou kontante nou, Nan tout lit ou pwoteje nou; Okenn mal p ap deranje nou, Lè n konfye nan Ou.

Kouplè 3

N ap mache nan gran pisans Ou, N app konte sou delivrans Ou; Ou merite tout konfyans nou, Chak jou nan lavi n.

Kouplè 4

N a rive kote nou vle ye N a devni tou sa nou dwe ye; E byento nou va posede, Sa Kris pwomèt nou. (Making Melody No 173)

Retour aux chants