Kouplè 1
Kounye a nou bezwen yon apwi, Kounye a nou bezwen yon abri, Fè atansyon! fè atansyon! Se yon sèl kote n a jwenn pwoteksyon.
Kè
Se Jezi nou an ki sèl Sovè, Se nan li sèl nou jwenn vrè bonè; Fè atansyon! fè atansyon! Gen yon sèl kote n a jwenn pwoteksyon.
Kouplè 2
Kounye a nou va bezwen li Bib nou, Kounye a fòk nou mache ak konfyans, Fè atansyon! fè atansyon! Gen yon sèl kote n a jwenn pwoteksyon.
Kouplè 3
Kounye a nou genyen asirans, Kounye a nou mache ak konfyans, Alelouya! Alelouya! Se yon sèl kote nou jwenn pwoteksyon. (Making Melody No 327)
