Kouplè 1
Pafwa lè kè mwen vle doute E m pa kapab wè solèy, Mwen voye je mwen sou Jezi Tanpri, Mèt, pilote mwen.
Kè
Pa pè paske m avèk ou, M a toujou pilote ou; Pa okipe vag lanmè a, Konfye w nan mwen pou toujou.
Kouplè 2
Souvan lè nanm mwen fatige E jounen an vle trennen, Mwen gade kote pilòt la, E se chan sa a mwen tande.
Kouplè 3
Lè mwen anba gwo tansyon, E m prèske pèdi chemen; Nan mitan tanpèt dechennen, Sovè a pale ak mwen.
Kouplè 4
Lè mwen rive bò Jouden an, Rivyè a ap debòde; Sou rivaj la mwen wè Sovè m Ki la pou pilote mwen. (Making Melody No 238) (Favorites 2 - No.21)
