Kouplè 1
Pre Betleèm zanj yo t ap chante, Bon nouvèl lemonn yo t ap pote; O! chan mèvèye, louwanj pou Bondye Pou anonse nesans yon Wa.
Kè
Glwaradye zanj yo chante ! Glwaradye vwa yo sonnen ! O! Chan mèvèye, louwanj pou Bondye Pou anonse nesans yon Wa.
Kouplè 2
Tou sezi bèje yo adore l, Ak trezò yo maj yo vin chèche l, Lè yo wè zetwal, sa ki pi briyan an, Li anonse nesans yon Wa.
Kouplè 3
Bèje, pwoklame temwayaj nou E maj yo fòk nou temwanye tou, Mesaj ki pi bèl, ki sòti nan syèl N ap anonse nesans yon Wa.
Kouplè 4
Ki sa m a fè avèk mesaj sa a? K ap sove nenpòt moun ki kwè a? Depi Nwèl rive, mwen pa dwe kache l M ap anonse nesans yon Wa.
