Kouplè 1
Nan mitan gwo lanmè ak tanpèt mwen te ye San sekou m te pèdi, San lafwa, san limyè. Bridsoukou mwen wè yon Gwo bato ap pase, Mwen ranmase tout fòs mwen E mwen pran rele: O sekou! O sekou! Kilès ki pou sove m? O sekou!
Kouplè 2
Se bato Levanjil ki te byen ekipe Li t ap mennen fidèl yo Nan wwayòm Bondye. Kapitèn bato a wè efò mwen tap fè Ak yon men m byen anlè Mwen te kriye byen klè: O sekou! O sekou! Kilès ki pou sove m? O sekou!
Kouplè 3
Bato levanjil la te fè mwen reprann kouraj Nan gran bonte li, chèf la Pran ka mwen an chaj. Kounye a mwen kontan e zafè mwen regle Paske gran Sovè a rive kote m te ye. Glwaradye! Glwaradye! Konsa nanm mwen chante, Glwaradye!
Kouplè 4
Zanmi dekouraje ki pa konnen lapè K ap fè nofraj anba terib lanmè peche, Sovè mwen dispoze sove ou si ou vle. Vin chèche sekou Li kounye a san dèle. Li sove m! li sove m! Ak lajwa w a chante: Li sove m! (Ship hoy, Favorites No 59)
