Chant 29

Menm jan moun nan tan lontan

HC RL · Créole

Kouplè 1

Menm jan moun nan tan lontan wè zetwal ann Oryan. Jan limyè fè yo rejwi Grasa li yo te rive; Konsa Senyè fè kè nou Kapab rive jwenn Ou tou.

Kouplè 2

Menm jan pye yo te mache Kote Jezi te kouche, Yo te mete ajenou Pou adore Senyè nou; Konsa fè pye nou kouri, Chèche sekou Jezikri.

Kouplè 3

Menm jan yo ofri kado Bay Jezi nan yon bèso; Menm jan an tou nou menm kretyen Ak yon kè pwòp e sensè Ann konsakre lavi nou Bay Jezi Wa pou toujou.

Kouplè 4

Dirije nou pazapa Senyè, nan wout etwat la; Lè lavi nou va fini W ap pran nou ak ou, kote Anyen p ap anpeche nou Wè laglwa ou pou toutan. (Let youth Sing No. 108)

Retour aux chants