Kouplè 1
Mwen t ap fè yon wout difisil, E m te santi m tou sèl; Chaj lou ki te sou do mwen T ap pese mwen desann. Mwen te plenyen bay Jezi Kijan mwen t ap soufri, E mwen tande l pale ak mwen konsa: Pye mwen te fatige tou Sou wout mòn Kalvè a Kwa mwen te vin tèlman lou Li te menm fè m tonbe. Se pou w fidèl pèleren Jouk ou rive nan syèl, Pran kwa ou epi swiv mwen pazapa.
Kouplè 2
M ap travay di pou Jezi, Se sa mwen te konn di Mwen gentan fè gran sakrifis, Pou mache avèk li. Mwen te kite gwo lajan, Mwen t ap vante tèt mwen E mwen tande l pale ak mwen konsa: Mwen te kite laglwa mwen, Mwen gade l kòm yon pèt, Yo kloure m sou bwa Kalvè; Mwen fè tout sa pou ou. Annou mache byen ansanm Nan chemen lavi sa a. Pran kwa ou non E swiv mwen jouk lafen. (Song you love 7 | No. 7)
