Kouplè 1
Kisa pou m ba Ou Mèt mwen? Ou te mouri pou mwen, Eske m dwe bay yon vye ti bagay? Kisa menm ou reklame?
Kè
Jezi Sovè m ak Senyè m, Ou sove m nèt ale Ou dakò kite twòn ou Pou w vin sou bwa Kalvè. Kisa pou m ba ou Mèt mwen, Ou sove m nèt ale; Pa yon ti moso, ni yon ti rès, M a ba ou tout, Senyè.
Kouplè 2
Kisa pou m ba ou, Mèt mwen? Ou te rachte nanm mwen, Kado m piti, Men tout se pou ou, Pou ou fè tou sa ou vle.
Kouplè 3
Kisa pou m ba ou Mèt mwen? Ala ou bon pou mwen. Mwen p ap kenbe sa mwen posede, M remèt ou tout sa m genyen. (Favorites 2 – No. 56)
