Chant 27

Men, wi, mwen kontan

HC RL · Créole

Kouplè 1

Gen yon chan nan kè mwen jodi a Ki pa te la avan, Li vini nan kè m lè m konvèti, Sa fè mwen kontan.

Kè

O! Wi, mwen kontan, m kontan, O! Wi, mwen kontan, kontan; Paske Jezikri abite nan kè mwen, O! Wi, mwen kontan.

Kouplè 2

Se yon bon chan damou Li mete Nan yon kè ki te tris; Menm lè l fè nwa m ap toujou chante Li fè m satisfè.

Kouplè 3

Kominyon ak Kris bay yon frechè Bouch pa ka fin pale; M ap mache avèk Li nan limyè Epi m ap chante.

Kouplè 4

Vini jwenn Jezikri ou menm tou Pandan ou genyen tan; Ou va pataje lajwa nou E Ou va kontan. (Making Melody No 192)

Retour aux chants