Chant 25

Se Jezi sèl ki satisfè m

HC RL · Créole

Kouplè 1

Ki moun ki kapab ban mwen fòs? Jezi sèl ak prezans li. Li fidèl li gen kè sansib Mwen byen kontan, Kris pou mwen.

Kè

Se Jezi sèl ki satisfè m, Li plis pase lavi pou mwen; Se li ki pi bèl pase tout, Nan li mwen jwenn sa m bezwen.

Kouplè 2

Ala yon mèvèye Sali, Moun pa janm kapab konnen, Kouman yon nanm ki plen peche, Kapab rive jwenn padon.

Kouplè 3

Lè mwen va janbe rivyè a, Avèk sa yo ki rachte Nou va fè louwanj Senyè a, E pou toujou n a chante. (Favorites 2 – No. 4)

Retour aux chants