Kouplè 1
Lemonn plen tristès ak mizè, Kè nou chaje chak jou. Jezi te pran tout fado nou yo Sou mòn Kalvè pou nou.
Kè
Li vle pran tout fado w yo pou ou Bò Kalvè, bò Kalvè. Li vle pran tout fado w yo pou ou Li tou pre nou toujou.
Kouplè 2
Lage tout chaj ou sou Jezi, Kite krent ak sousi Paske Jezi wete fado nou, Sou Kalvè Li mouri.
Kouplè 3
Nanm twouble, Senyè a konnen Chagren ki nan kè ou Men Li vle wete tout fado yo Sou mòn Kalvè pou ou.
