Kouplè 1
Mwen gentan ale lwen Bondye Men m ap retounen. Twò lontan mwen swiv wout peche, Mwen vle retounen.
Kè
Retounen, retounen, Lakay Sovè mwen; Ouvri bra ou laj pou mwen, Kris, m ap retounen.
Kouplè 2
Nanm mwen malad, m fè mal, Men m ap retounen; M ap abandonen peche m yo, Mwen vle retounen.
Kouplè 3
Se sèl espwa m, se sèl dezi m, M ap retounen; Nan Jezi sèl mwen pran plezi m, Mwen vle retounen.
Kouplè 4
Se nan plas mwen Kris te mouri, M ape retounen; San li vèse pou pirifye m, Mwen vle retounen (Tabernacle Hymns 3 | No 264)
