Chant 22

ALa yon lanmou Mèvèye

HC RL · Créole

Kouplè 1

Bondye renmen yon pechè tankou mwen, Li pran tristès mwen, li fè kè m kontan, Li ban m plas toupre kote Li rete, Ala yon lanmou mèvèye.

Kè

Lanmou, si mèvèye; lanmou, si mèvèye, Bondye renmen yon pechè kou mwen, Nanpwen yon lòt lanmou konsa.

Kouplè 2

Pou plan sa a Jezi te byen dispoze, Malgre sa te vle di fòk Li mouri, Li obeyi papa l san ezite, Ala yon lanmou enfini.

Kouplè 3

Nan plan redanmsyon Li Bondye achte Yon esklav initil; se sa m te ye. Sovè a mouri, san Li te vèse Pou sove yon vakabon rebèl.

Kouplè 4

Li resevwa m pito kòm yon pitit, Li pa mete mwen nan ran sèvitè; Nan gras Li papa m anbrase m touswit, Lè m chèche padon Li ak tout kè. (Spiritual Power No. 6)

Retour aux chants