Chant 18

Vini jwenn mwen, moun fatige

HC RL · Créole

Kouplè 1

Vini jwenn mwen, moun fatige, Vini, m a fè nou repoze; M a fè fado nou yo ale Paske mwen dou, mwen gen kè sansib. Si nou anba fatig ak fado, M ap ba nou vrè repo.

Kè

Nou ki chaje, boulvèse, fatige, Vin jwenn mwen; Vini, pran leson nan men mwen Jouk pa m nan dous, fado pa m nan lejè, Vin jwenn mwen e m a ba ou repo.

Kouplè 2

Moun ki anba fado peche Vin resevwa lajwa, lapè; M a leve fado sou kè ou, M a fè nou jwenn padon pou toujou, M a fè nou jwenn padon pou toujou, M a ban nou vrè repo.

Kouplè 3

Avèk tandrès Sovè m plede, Moun pa Li L ape pwoteje, Toujou L ap rele vin jwenn mwen, E m a fè nanm pa nou repoze, E m a fè nanm pa nou repoze, M a ban nou vrè repo.

Retour aux chants