Kouplè 1
Wi, jounen nou mèt dekourajan, Lanwit nou mèt fatigan; Men si nou konfye nou nan Jezi, N a jwenn nan kè nou yon chan.
Kè
Mèvèye, mèvèye Jezi ! Se nan kè nou Li mete yon chan, Yon chan ankourajan, Yon chan delivrans, Wi, nan kè nou Li mete yon chan.
Kouplè 2
Wi kwa n ap pote a mèt byen lou Mizè mèt ap peze kou nou, Jezi la pou li soulaje nou, Li si tèlman renmen nou.
Kouplè 3
Lè traka ape kraze kè nou, Lè tristès mete nou an dèy Se lè sa a Jezi rekonfòte nou, Li fè jwa nou debòde. (Favorites 2 | No 18)
