Kouplè 1
Byen lwen nan lòt peyi yo, Anpil moun dezespere, Paske kè yo tris, byen lou ak chay peche. Men y ak kriye y ap rele Pou yon moun vin soulaje Nanm yo ki twouble e ki pèsekite.
Kè
Pèsonn pa vle pran ka mwen Milyon ap kriye, Pèsonn pa vle pran ka mwen, Tande plenn yo! Eske ou vle bay lavi ou pou al preche Pou yo ka jwenn Jezi pou yo ka sove.
Kouplè 2
Moun sa yo tankou avèg Y ap mache, men yo pa wè Y ap adore zidòl, yo pa konn Bondye. Eske ou ap kite yo Mouri san okenn limyè, San yo pa konnen gen espwa nan Bondye?
Kouplè 3
Senyè, mwen gentan tande Tout kri moun yo ki pèdi, Mwen ba ou lavi m ap chache yo patou. Voye mwen nenpòt kote Menm si m peye nenpòt pri, Mwen vle al di yo: Jezi vle pran ka nou. (Missionary Message in Song, Back cover)
