Kouplè 1
Mwem konnen m ap rive laba Kote ki gen la pè, la jwa, Se la mwen vle rete toutan, Nan bèl peyi sa a, Kanaran.
Kè
O Kanaran, bèl Kanaran, Se la mwen vle rete toutan. Kote lèt avèk myèl koule, Kote ki p ap janm gen peche, Se la m ap rete viv san fen, Pou toujou ak Kris, Sovè mwen
Kouplè 2
Wout la move, men m ap rive Satan ap chèche fè m tonbe, men Jezi kenbe m pazapa Jouk mwen rive la, nan laglwa.
Kouplè 3
Mwen p ap janm plenyen, ni kriye, Men m ap toujou pèsevere, Paske Kris soufri twòp pou mwen Fòk mwen swiv Li jiska lafen. (Beylah Land) (Tabernacle Hymns No 3, No 182) Pierre Villaire, HCRLC / Page 253, 64 MJC / Page 237
