Kouplè 1
Men yon bèl pwomès, Mwen p ap janm bliye ou. Anyen p ap moleste m ni detounen mwen. Menm si tenèb la fè mwen pa wè ditou, Pi devan limyè selès la va klere.
Kè
Mwen p ap kite ou ni bliye ou, Nan men mwen mwen kinbe ou, Nan bra mwen m antoure ou; Mwen p ap kite ou ni bliye ou Mwen se Redanmtè ou, m ap okipe ou.
Kouplè 2
M ap kwè pwomès la: Mwen p ap janm bliye ou. Annavan m ap mache ak yon chan jwaye; Zanmi lemonn bliye m e meprize m tou, Men Jezi sonje mwen, se sa ki konte.
Kouplè 3
Kan lè a rive pou mwen kite tè sa a, M a tande la vwa Jezikri Redanmtè mwen: Ou te kenbe lafwa toutan ou te laba, Antre isit bon e fidèl sèvite.
