Chant 11

Pwomès sa yo byen dous

HC RL · Créole

Kouplè 1

Pwomès sa yo byen dous, Pawòl la bon, Li pi presie pase Nenpòt ki lòt mesaj; Kris te gen panse pwop, Li san peche, Li se pi gran egzanp ki te ka egziste.

Kè

Lè l kondwi m m ap swiv li, Swiv li pou toujou, Lè l kondwi m ma swiv li. Mwen va swiv Li pou toujou.

Kouplè 2

Lanmou Jezi montre m, se mèvèye, Pi dous pase tou sa Lèzòm kapab panse, Pou sa yo ki pèdi, l ape plede, Li se pi gran egzanp ki te ka egziste.

Kouplè 3

«Vini jwenn mwen» se sa l ap repete, Pou ou genyen repo, ou menm ki fatige, Konfye w nan pwomès Li, se asire, Li se pi gran egzanp ki te ka egziste. (Where He Leads I'll Follow) (The Service Hymnal No 217)

Retour aux chants