Kouplè 1
Lavi ou lanmò banm Jezi Pa gen anyen k pou fè m kite l, Se nan li k gen lavi Si nan lemonn te gen afè Se la n te ye nou tap jwenn li Kounye a m santi m byen, kite m la.
Kè
Deyò a pa gen anyen, Se ladan l mwen te ye Eske w wè se menm bagay Lè w rankontre Jezi Yon bon zanmi tankou Jezi m pa wè Rezon pou m pa sèvi l, Fò n lage kò n nan men l je fèmen.
Kouplè 2
Gen moun vrèman ki gen lajan, Men tèt yo cho tankou vè lanp Y ap tann jou regleman Lè se Jezi k ba ou richès, Li pa ba ou l ak regleman, Lè sa w santi w alèz, kè w anpè.
Kouplè 3
Lè w nan lemon ou pran plezi w Lè sa w pa gen okenn limit, Ou vire kò w jan w vle Byen manje, byen bwè, byen mennen, Mezanmi se pa ti koze Lolo, Satan ap lolo w pou l manje w.
Kouplè 4
Gen lè w bliye kote w sòti, M wè ou gen lide pou tounen, Sanwont kita nan kò w Sa ou te konn pran nan lemonn, Jis kounye a w pa vle rayi l Ala ou gen mizè rekonesans.
Kouplè 5
Si w wè jodia m ap chante Se gras Bondye k mete m sou moun, Se yon moun fini m te ye Lè m rankontre avèk Jezi Li kraze m epi li refè m Depi lè sa a m chanje, men mwen. Chant du Groupe les Gilbert Groupe les Gilbert
