Chant 10

Gras Bondye sou mwen

Des Cantiques Spéciaux · Créole

Kè

Si n ap viv frè mwen Gras Bondye kouvri n Pa gen anyen n fè pou sa Se rete n, rete n wè n konsa. (2fwa)

Kouplè 1

Si se pa t Bondye k te kenbe m, Vye lavi t ap gentan kraze m, Pa gen rezon pou n atriste Lè w wè afè w poko mache. Bondye gen yon plan pou chak moun Rete tann li pa gad sou moun Lè jou delivrans ou rive Pa gen moun ka anpeche l.

Kouplè 2

Pi ga w enkyete w pou lavi Sèlman kwè nan sa Bondye di Menm si lavi a difisil Pou Bondye tout bagay fasil Si moman an parèt tou nwa Toujou kwè gen yon lè fò l konsa Moun ki met konfyans nan Bondye Pa janm rete abandone.

Kouplè 3

Pouki sa n ap plede plenyen Tout jounen figi ou fennen Ou bliye si Bondye fidèl, Li sansib pou moun ki avè l Ou pa bezwen di moun afè w, Se sèl li menm ki wè mizè w Konnen byen si n dekouraje. Se Satan n ap ankouraje Se gras Bondye Si w wè m ap mache, baka pa manje m Se gras Bondye Ensekirite... kè m pa janm sote Menm si lavi a chè men nou toujou manje Si w wè m ap mache, m ap bay Bondye glwa Si w wè pou legliz n ap sèvi Bondye Si nou pa malad, nou pa lopital Si w wè n al lekòl, nou tout reyisi. Chant du Groupe les Gilbert Groupe les Gilbert

Retour aux chants