Chant 8

Sa ou ye pou mwen

Des Cantiques Spéciaux · Créole

Kouplè 1

Sa ou ye pou mwen Se pa bagay m p ap janm ka fin eksplike Ou jwe wòl manman, ou jwe wòl papa Parenn mwen se ou. Si se pa t gras ou konbyen m t ap bay Pou m jwenn yon zanmi tankouw Ou se richès mwen, bonè mwen Se sa mwen ka di.

Kè

Ou se referans mwen Ou se garanti mwen Espwa mwen se ou. Ou se asirans mwen, Si w pa t la sa m ta fè, Kouman sa t ap ye.

Kouplè 2

Ou jwe wòl manman, ou jwe wòl papa Janmen ou pa janm trayi m Ou se kat kredi m, se ou ki kanè m San ou mpa fonksyone Ou plis kon mari, ou plis kon madanm Pèsòn paka konpare w, Ou se tout byen m Espwa mwen, se sa mwen ka di.

Kouplè 3

Non sèlman ou pran swen m Ou pwomèt mwen Yon lavi ki p ap gen fen Bagay menm nan rèv mwen mwen pa t ap wè Ou ban mwen yo gratis. Koze maladi, koze lanmò, Tout bagay sa yo regle, Ou se doktè m, konseye m, Se sa mwen ka di. Chant du Groupe les Gilbert Groupe les Gilbert

Retour aux chants