Kè
Ki sa k ka ranplase Prezans ou na lavi m Seyè. Ki sa k ka ranplase Prezans ou nan kè mwen O! anyen! O! anyen! Paka ranplase prezams ou nan lavi m
Kouplè 1
Lè mwen potko rankontre ou, Mwen pa t janm gen lapè di tou, Chagren, lapèn, dekourajman Te pran kè mwen pou fè depo Tout efò m fè pou m jwenn solisyon, Sitiyasyon pa t janm chanje Men lè m rankontre ak Jezi, Mwen ka di se pa menm bagay.
Kouplè 2
Mwen ta p viv, lavi m pa t gen sans M t ap mache m pa t ge direksyon Malgre tout sa m t eseye, Mwen pa t janm rive satisfè, Depi menm jou ou pran plas nan kè m Lapè ak lajwa anvayi m, m pa gen mo Pou m esplike sa, Sèlman m konstate m chanje..
Kouplè 3
Pa gen anyen ki ka ranplase Lavi etènè ou ban mwen Pa gen anyen ki ka ranplase Tout pwomès ki nan pawòl la O! anyen paka ranplase Presans Sentespri nan lavi m Pa gen anyen ki ka ranplase Prezans ou Seyè nan lavi m. Chant du Groupe les Gilbert Groupe les Gilbert
