Kouplè 1
Mwen pito gen Jezi pase gwo lajan Mwen pito pou li, pase m ta rich toutan, Mwen pito gen Jezi pase pi bèl kay; Pito li gide mwen nan tout bagay.
Kè
Pase pou m ta wa nan yon gran peyi, Lè peche m ta fè m soufri; Pito m gen Jezi pase tout bagay Lemonn ta janm kapab bay.
Kouplè 2
Mwen pito gen Jezi pase vanite; Mwen pito fidèl; pou li m ape lite; Mwen pito gen Jezi pase renome Mwen pito kenbe l, e viv nan lapè.
Kouplè 3
Jistis Jezikri se yon gran mèvèy; Pawòl li pi dous pase yon gato myèl; Mwen pito gen Jezi, li konn satisfè m Mwen pito swiv li, li konn dirije m.
