Kouplè 1
Nan lemonn mwen te pèdi nan peche Men Jezi te sove m, m ap ba li glwa, Ak kòd plezi lemonn, mwen te mare, Kris te fè m lib ak pisans li.
Kè
Ala bèl jou, Jezi te jwenn mwen! Ak gran pitye li te leve mwen; Li te wete peche m, ak li m ap mache; Mwen gen laviktwa Ak lajwa nan nanm mwen. Ala bèl jou, O alelouya! Jezi jwenn toutbon sa k pou li; Alò m a chante: Ozana, Ozana! Lè m wè jezi nan tout glwa li.
Kouplè 2
Sete yon gran jou, Syèl la te plen jwa, Nanm mwen menm tou, mwen te santi jwa sa a; Depi lè a mwen toujou plen ak jwa, Paske nan kè m Jezi se Wa.
Kouplè 3
Sa va yon gran jou lè nou va ansanm, Nan Syèl avèk Jezi pou letènite, Pou nou rakonte istwa lanmou li Pou n toujou adore non li.
