Chant 94

Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen, Depi mwen te jwenn li pou bon zanmi mwen; Mwen ta di w jan lavi m te chanje konplètman, E kè mwen te ranpli avèk kontantman.

Kè

Pèsonn pa t janm renmen mwen kon Jezi, Pa gen yon lòt bon Zanmi kon li. Nanpwen lòt k ap blanchi Peche m ki wouj anpil! O, ala li te renmen m!

Kouplè 2

Vi m te tou sal ak peche Lè Jezi jwenn mwen, Kè m te plen ak mizè, tèt mwen te chaje. Men avèk amou li Jezi te vlope mwen, E li kondwi mwen kote m te dwe ale.

Kouplè 3

Chak jou li vin jwenn mwen Pou ban mwen asirans Jou aprè jou mwen pi konnen lanmou li; Mwen p ap janm konprann Pouki li te vin sove m Jouk lè nan syèl la m a va rankontre li.

Retour aux chants