Kouplè 1
M ape mache sèl ak Jezi Nan yon kominyon san fen Lemonn pa kapab fè m plezi Mwen pou Kris e Kris pou mwen.
Kè
Mwen te wè li, mwen konnen li! Li fè mwen mache avè l; E li fè m kado prezans li, Se yon kado etènèl. Ki gran glwa, wè bèl prezans li, Ki gran jwa, wè l fasafas! Mwen ba li lavi m pou toutan, Li te sove m nan lagras.
Kouplè 2
Sou montay la mwen te wè li; Kris, Konsolatè, Zanmi; Laglwa vizyon sa a va rete Jouk tan lavi mwen fini.
Kouplè 3
Nan tout doulè ak feblès mwen, Malgre kè m te fin kraze, Toujou mwen santi prezans li, Li te wete m nan peche.
Kouplè 4
Nan tenèb la, nan lonbraj la Ak Sovè a mwen fè wout; E leson l ap ansenye mwen Fè m vle swiv li kout ke kout.
