Kouplè 1
M ap travay pou Jezi nan vwayaj mwen; M ap travay jouk nan fen jounen an; Mwen ka bwonche souvan nan chemen mwen, Men l a padone mwen si m priye.
Kè
M ap travay pou Jezi nan vwayaj mwen; M ap travay nenpòt kòman mwen ye; Pawòl li se asirans mwen genyen; Nan travay la m ap toujou rete.
Kouplè 2
Gen de lè kè mwen tris pase yo tout Akòz danje mwen wè nan chemen; Jezi di: Pa pè, mwen toujou ak ou; Se mwen ki kapab kenbe w ak mwen.
Kouplè 3
Mwen kontan avèk Jezi, Sovè mwen; L ap konsole pòv kè mwen toujou; Zanmi mwen, vini tou, kwè nan Jezi, W a jwenn li fidèl pou sove ou.
