Chant 91

Jezi mande ou briye pou li kote ou ye

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Jezi mande ou briye pou li kote ou ye, Tout Kretyen, bay limyè toupatou; Briye nan fanmi ou, nan travay, kote ou ye; Briye pou Jezi kote ou ye.

Kè

Briye pou Jezi kote ou ye, (2 fwa) Limyè ou ka ede yon nanm Pèdi jwenn Jezi; Briye pou Jezi kote ou ye.

Kouplè 2

Menm lè syèl la nwa, menm lè Chemen an pa twò klè, Se lè sa pou limyè ou briye. Pou briye, Jezi te lese ou menm sou latè; Briye pou Jezi kote ou ye.

Kouplè 3

Se yon gran gras Bondye Fè ou vini yon limyè Lè peche, tenèb antoure ou, Leve limyè a byen wo Pou l ka klere tout kè; Briye pou Jezi kote ou ye.

Kouplè 4

Si ou vle briye yon jou ak Jezi nan Syèl la, Limyè ou dwe limen sou latè; Paske Bondye plase nou kòm limyè isiba; Briye pou Jezi kote ou ye.

Retour aux chants