Kouplè 1
San Sovè, san Bondye,sa ou va fè ? Tout moun gen pou mouri, sa ou va fè ? Lè jou pa w la rive, kote w prale ? Si ou pa gen Jezi, sa ou va fè?
Kouplè 2
Ou menm k ap ri tout tan, sa ou va fè ? Jou sa a ou va tou sèl, sa ou va fè ? Si lè lanmò vini, ou pa pare, Kè sote gen pou pran w, sa ou va fè ?
Kouplè 3
Èske gen yon kote pou ou kache ? Lè Bondye rele ou, sa ou va fè ? Nou tout : gran moun, timoun, jèn jan, jèn fi; Moun ki renmen peche, sa nou va fè ?
Kouplè 4
Moun ki renmen Jezi al jwenn Bondye Li se yon bon papa, li sove yo Lanmò p ap fè yo pè, Jezi ak yo; Li kache yo nan bra l, li sove yo.
