Chant 9

Nanpwen lanmò, kretyen yo pa ka pèdi

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Nanpwen lanmò, kretyen yo pa ka pèdi Pawòl Kris asire delivrans mwen. Mwen te pèdi, kounye a mwen sove, Wi, mwen sove gras a Kris, Sovè mwen.

Kè

Nanpwen lanmò, se laglwa. Alelouya! Se nan plas mwen Jezikri te soufri Li te pran plas mwen pou mwen kapab sove E li te sove mwen ak tout gras li.

Kouplè 2

Nanpwen lanmò! peche mwen yo padone Mwen asire puiske Jezi mouri Fòs satan ki te donte mwen fi n kraze Jezi vivan l ap kenbe m avèk li.

Kouplè 3

Nanpwen lanmò, paske lè kò m va mouri, Nanm mwen ape monte toudwat nan syèl; Ak tout frè yo m a rete nan prezans li, Mwen konfye m nan li, sovè etènèl.

Retour aux chants