Chant 7

Jezikri se sèl esperans

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Jezikri se sèl esperans, Se li sèl ki bay asirans, Li se soutyen m li se fòs mwen E mwen p ap rete nan chemen

Kè

Jezi se ou ki delivre m; Se ou, Sovè m, k ape kenbe m (2 fwa)

Kouplè 2

Okenn lòt plas pa ka kache m, Okenn lòt non p ap delivre m, Moun ki chwazi lòt direksyon, Soufri, peri san jwenn padon.

Kouplè 3

Men lè tout bagay vle sonbre Mwen gade Jezi mwen kanpe. Lè kouraj mwen ta vle febli Mwen jwenn sekou nan prezans li

Kouplè 4

Malgre lanmò gen pou vini Sa pa vle di lavi m fini, Avèk Jezi pa gen lanmò Se fèmen je louvri l lòt bò.

Retour aux chants