Chant 74

A la yon zanmi se Jezi

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

A la yon zanmi se Jezi ! Tout peche nou se chaj li. A la yon byenfè pou pote Penn ba li nan lapriyè! Konbyen fwa lapè nou pèdi, Konbyen chagren nou sibi; Pouki ? Paske nou pa pote Tout ba li nan lapriyè.

Kouplè 2

Si gen tantasyon ak touman, Ou traka nenpòt kouman, Nou pa pou janm dekouraje: Jezi la nan lapriyè Kilès zanmi ki si fidèl, Ki fè nanm bliye doulè l ? Jezi konnen sa feblès ye: Jwenn ak li nan lapriyè.

Kouplè 3

Nou santi n fèb ? Nou pa kapab ? Kilès flo n ape pase ? Sovè a di li responsab: Jwenn ak li nan lapriyè. Si zanmi ou yo bliye ou, Di Kris sa, l ap tande ou. L ape tann ou bra li louvri. Jezi vle ba ou lavi.

Retour aux chants