Kouplè 1
Kè nou pa bezwen twouble plis, Bondye ban nou lapè nan Kris. Se sèlman pou nou kwè Bondye, Ak Jezikri, sèl verite.
Kouplè 2
Lafwa nan li, se yon remèd; Li chanje menm twoub ki pi rèd! Tout moun ki gen anpil lafwa, lapenn yo va tounen lajwa.
Kouplè 3
Gen anpil moun ki pè lanmò; Yo krenn sa k ap tann yo lòt bò! Jezikri di nan kay Papa l, Li va prepare plizyè sal.
Kouplè 4
Se te pou tout disip li yo, Li te pale pawòl sa yo. Li vle pou tout disip li yo Al abite kote l anwo.
Kouplè 5
Se Jezi, sèl chemen, laverite, Ki te pwomèt l ap bay lapè; Sa li ban nou, se pou toutan; San krent ni twoub, kè nou kontan.
