Chant 75

Nan bonte li Jezi vini

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Nan bonte li Jezi vini Pou rachte mwen nan gras li; Nan bafon peche ak lawont Konpasyon l leve mwen.

Kè

Nan tè danje li soutni mwen, Ak men byen dous li leve mwen Sot nan fènwa, vin nan limyè M ap adore l, li leve mwen.

Kouplè 2

Depi lontan li rele mwen, Avan menm mwen te repanti. Men lè m te kwè nan pawòl li Padon li leve mwen.

Kouplè 3

Anpil pikan te pèse fwon l, De klou tèrib te pèse men l; Men lè m abandone peche Lanmou li leve mwen.

Kouplè 4

Kounye a menm, anlè, byen wo Nanm mwen ape jwi yon repo. Kijan? Pouki? Mwen pa konnen Kòman li leve mwen.

Retour aux chants