Chant 72

Mwen te tande bèl vwa Jezi

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Mwen te tande bèl vwa Jezi Ki pale pou di mwen: Ou ki chaje, vini jwenn mwen, Repoze ou sou mwen. Mwen te vini, jan m te ye a, Mizerab, fatige! Mwen jwenn repo, lapè nan li, Kè m vin kontan, mwen ge !

Kouplè 2

Mwen te tande bèl vwa Jezi Ki pale pou di mwen: Men mwen ofri w dlo vivan, Se pou ou vini pran! Mwen te vini e mwen te bwè Dlo Sovè m te ban mwen; Nanm mwen te vini rafrechi, E m ape viv nan li.

Kouplè 3

Mwen te tande bèl vwa Jezi Ki pale pou di mwen: Se mwen ki vrè limyè lèzòm, Vini swiv mwen, tout moun. Mwen deside swiv Jezikri, Mwen jwenn limyè nan li, E se li ki va klere mwen Chak jou jiska lafen.

Retour aux chants