Chant 71

Anwo mòn Kalvè, yo te plante yon kwa

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Anwo mòn Kalvè, yo te plante yon kwa, Pou mete yon nonm yo meprize. Men nonm sa a se te sèl pitit Bondye a, Ki mouri pou nou ka sove.

Kè

Kris pann sou lakwa, Sa se sijè chan mwen, Kris sa a li byen mèveye. Li rachte sa k pèdi, Li te peye tout pri. Glwa a Jezi, klouwe sou lakwa.

Kouplè 2

Lèzòm pa t konnen sa yo t ap fè lè sa a; Kris di: Padone yo, souple. Yo pa te konnen menm kwa ki meprize a, Se te lakwa Kris glorifye.

Kouplè 3

Gen moun ki adore kwa Kris la sèlman, Mwen menm m adore Kris sou kwa a. Paske se pa nan kwa a pisans la rete, Men se Kris sèl ki bay viktwa.

Retour aux chants