Chant 70

Onore pwisans non Jezi

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Onore pwisans non Jezi, Tout anj dwe fas atè. Pote vini kouwòn pi sen E kouwone li Senyè. Pote vini kouwòn pi sen E kouwone li Senyè.

Kouplè 2

Pèp chwazi nan ras Izrayèl, Nou menm Bondye rachte Ba li glwa, li ki ban nou Syèl E kouwone li Senyè. Ba li glwa, li ki ban nou Syèl E kouwone li Senyè.

Kouplè 3

Se pou tout moun nan chak nasyon Ki rete sou latè, Ba li lonè kòm pi gan Chèf E kouwone li Senyè. Ba li lonè kòm pi gan Chèf E kouwone li Senyè.

Kouplè 4

An nou ini nou ak zanj yo K ap adore nan syèl, N a chante yon kantik nouvo E kouwone li Senyè. N a chante yon kantik nouvo E kouwone li Senyè.

Retour aux chants