Chant 6

Senyè, anyen m pa ka ba ou

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Senyè, anyen m pa ka ba ou Sèl yon kè ki bouke soufri, E san ou mwen pa ka geri, Mizè mwen devan ou.

Kè

Pran mwen jan ou wè m nan, San fòs e san soutyen, Jan ou wè m nan (2 fwa) O Jezi, gran frè mwen

Kouplè 2

Mwen pa toujou obeyi ou, Peche kouvri m latètopye Lè pou m prezante devan ou Peche sèlman m pote.

Kouplè 3

Mwen fèb nan kè, mwen fèb nan chè, Pou m reziste devan satan; O Senyè mwen, mwen fèb tout tan M ap rele: ban m limyè

Kouplè 4

San w ki koule a pirifye m, Sentespri ou va konsole m, Richès ou yo va anrichi m Men mwen! Vini sove m.

Retour aux chants