Kouplè 1
Sa k kapab lave peche ? Anyen pase san Jezikri. Sa k kapab geri tout kè ? Anyen pase san Jezikri.
Kè
San ki chè pase lò Ki wete m nan lanmò; Nanpwen lòt sous ankò, Anyen pase san Jezikri.
Kouplè 2
Pou padon mwen sa mwen wè? Anyen pase san Jezikri. Pou netwaye m sa m mande? Anyen pase san Jezikri.
Kouplè 3
Sa k pou peye dèt peche m? Anyen pase san Jezikri. Se pa t bon zèv mwen te fè; Anyen pase san Jezikri.
Kouplè 4
Sa k ban m espwa ak lapè? Anyen pase san Jezikri. Sa k fè jistis mwen ase? Anyen pase san Jezikri.
