Kouplè 1
Glwa pou Bondye ki nan syèl la, Glwa pou Bondye sou late tou. Glwa pou li maten, midi, swa Glwa pou Bondye nou toupatou.
Kouplè 2
Mèsi, Bondye pou le solèy K ap klere nou, k ap chofe nou; Mèsi Bondye pou lapli a Ou bay nou woze jaden nou.
Kouplè 3
Mèsi Bondye pou fanmi nou; Pou manman, papa, pitit tou; Mèsi pou tout frè, sè nou yo, Ki renmen nou, sipòte nou.
Kouplè 4
Mèsi Bondye pou zanmi nou, Mèsi pou tout frè levanjil; Pou sè nou yo nan legliz ou, Nou tout se youn nan Jezikri.
Kouplè 5
Mèsi Bondye pou lanmou ou Mèsi Bondye, pou Jezikri. Mèsi anpil pou Sentespri K ap gide nou, konsole nou.
Kouplè 6
O ! padone tout peche nou; Netwaye tout anndan kè nou. Ban nou gras ou jou aprè jou Pou n kapab fè vonlonte ou.
Kouplè 7
Beni Bondye ki renmen nou, Beni li tout moun toupatou. Ak zanj nan syèl yo ann beni Papa, Pitit e Sentespri.
