Kouplè 1
Leve, nanm mwen ak solèy la, Kòmanse tach ou jodi a. Premye bagay ou gen pou fè Se louwe Bondye ak tout kè.
Kouplè 2
Pinga ou gaspiye tan ou! Viv jodi a kou dènye jou; Anplwaye talan ou yo byen, Nou tout va jije a lafen.
Kouplè 3
Tout pawòl ou yo dwe sensè, Konsyans ou dwe toujou klè; Paske Bondye wè sa w ap fè, Li konn tout panse nan tout kè.
Kouplè 4
Kè mwen, se pou ou leve tou, Tout zanj yo va chante ak ou. Yo menm, yo pa p janm fatige Louwe, beni, sèvi Bondye.
Kouplè 5
Bondye, mwen vle di ou mèsi Ou te pwoteje m lè m dòmi, Lè mwen dòmi pou dènye fwa Fè m leve devan ou ak jwa.
Kouplè 6
Mwen vle remèt mwen nan men ou, Netwaye kè m ak lespri m tou. Gide volonte mwen chak jou E ranpli mwen ak Lespri ou.
Kouplè 7
Gide m, Senye m vle ou kondwi m Nan sa m ap pou panse, fè, ou di. Pou tout fòs mwen kapab sèvi Pou laglwa ou, Senyè Jezi.
Kouplè 8
Beni Bondye ki renmen nou, Beni li tout moun tou patou. Ak zanj nan syèl yo ann beni Papa, Pitit e Sentespri.
