Chant 52

O ! gran lanmou ki te rachte m

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

O ! gran lanmou ki te rachte m Nan peche a, Koupab e sal jan mwen te ye M pa t gen espwa. Lè sa m te nan yon gran fènwa A la yon jou! Li leve nanm mwen nan lanmò, A l’on lanmou!

Kè

A l’on lanmou ki rachte nanm mwen, A l’on lanmou ki geri kè mwen. Lanmou sa voye Senyè m mouri. A l’on lanmou! Ann Adore non li.

Kouplè 2

Lanmou sa a fè sovè m mouri Sou bwa Kalvè ; Pou yon pechè rebèl kon kon mwen Sa k ta di sa? Lanmou fè pon ant mwen ak syèl, Fèm priye tou, Mwen padone, mwen pa tousèl, A l’on lanmou!

Kouplè 3

Lanmou te louvri pòt limyè Wayòm Syèl la. Jezikri va parèt anlè, Pou l resevwa m. Lanmou te leve m nan malè. Ala yon jou! Pa t gen lòt èd sou tout latè, A l’on lanmou!

Retour aux chants