Kouplè 1
Yon jou avan kouche solèy, Anpil malad te rete la Devan Jezi, nan gran doulè. Aprè, yo ale avèk jwa.
Kè
Yon fwa ankò, aswè a tou, Men nou pwoche bò Jezikri. Senyè si nou pa wè kò ou, Nou kwè ou isit an espri.
Kouplè 2
O Sovè, chase tout malè. Gen pami nou moun ki soufran, Gen lòt ki tris, ou nan mizè; Lòt k ap soufri nan men Satan.
Kouplè 3
Lemonn twonpe jènjan,jènfi, E yo rete ladan toujou! Gen moun ki gen move zanmi, Poutan yo pa vle vin jwenn ou!
Kouplè 4
Tout moun sa yo bezwen lapè, Sove anba bagay ki fo. Menn moun yo k ap swiv ou pi pre, Santi peche anndan kè yo!
Kouplè 5
O Sovè Kris, ou se moun tou. Lè, sou latè, ou te yon nonm, Ou te grangou ak tante tou. Ou konn sa ki nan kè lèzòm.
Kouplè 6
Men, ou toujou menm pisans, Pawòl ou genyen fòs toujou. Beni nou tou an abondans, E aswè a vin geri nou.
