Chant 51

Genyen yon sous tou plen ak san

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Genyen yon sous tou plen ak san, Se san sovè Jezi. Pechè yo ki benyen ladan l Soti san tach e pi. (3 fwa) Pechè yo ki benyen ladan l Soti san tach e pi.

Kouplè 2

Volè a ki t ape mouri, Li te rejwi jou sa. E nanm mwen ki koupab kon li Jwenn padon nan sous la. (3 fwa) E nanm mwen ki koupab kon li Jwenn padon nan sous la.

Kouplè 3

Sovè m, san ou ki te koule Pa p janm pèdi pisans Jouk lè pou tout legliz Bondye Rejwi nan delivrans. (3 fwa) Jouk lè pou tout legliz Bondye Rejwi nan delivrans.

Kouplè 4

Depi mwen te wè tout bonte Ou montre m nan bay lavi, Lanmou w m ap chante san rete Jouk lè m a va mouri. (3 fwa) Lanmou w m ap chante san rete Jouk lè w va delivrem.

Kouplè 5

Lè lang pa mwen va fin pale, E kò mwen nan tonbo; Louwanj Jezi m a va chante Ak rachte yo anwo. (3 fwa) Louwanj Jezi m a va chante Ak rachte yo anwo.

Retour aux chants