Chant 47

Tout mou ki rete sou latè

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Tout mou ki rete sou latè, Chante Senyè a ak tout vwa; Sèvi l ak krent, fè louwanj li, Devan li chante ak lajwa.

Kouplè 2

Nou konnen se Bondye li ye; Nou pa t ede l lè l kreye nou. L a nouri nou, se pa l nou ye; Tankou mouton l li mennen nou.

Kouplè 3

Antre nan pòt li ak louwanj; Ak kantik antre nan tanp li; Beni non li tankou tout zanj, Bonte li p ap janm fini.

Kouplè 4

Pouki? Paske Bondye nou bon, Amou l rete fidèl toujou. Tou sa li di, li fè l tout bon; Pawòl Bondye sen toujou.

Retour aux chants