Kouplè 1
Mwen pa bezwen pè, Sovè mwen tou pre, E pou sove mwen, li prèt pou parèt. M a va priye anpil Se Kris k ap aji, Lè li nan kannòt mwen, mwen pa pè tanpèt.
Kouplè 2
Si chemen mwen nwa, se Kris ki gid mwen M a obeyi li, l a pwoteje mwen. Menm si tout moun kont mwen E tout bagay nwa, Pawòl li pa p manke, li dew akonpli.
Kouplè 3
Amou li pou mwen, se pa bagay yè, Poutèt sa m konnen li pa p kite mwen. Mwen pa kapab bliye tout delivrans mwen; Poutèt sa m konnen l a ede m jouk lafen.
Kouplè 4
Mwen pa pou plenyen soufrans ni bezwen Kris te avèti m sa gen pou vini. Pawòl li ansenye tout moun k ap swiv li Dwe sibi tantasyon ak pèsekisyon.
Kouplè 5
Tou sa k ap rive m, va sèvi yon byen, M aksepte soufrans kòm si li te dous. Li pa p dire lontan, byento l a sispann. Nan Kris m a va kontan, m a gen laviktwa.
