Kouplè 1
Annou chante lanmou Jezi, Chante tandrès ak gras ak tou, Nan bèl kay yo ki nan Syèl la L ap pare yon plas pou nou.
Kè
Lè nou tout va nan Syèl la, Ki gran jou rejwisans sa va pou nou ! Lè nou tout wè Jezi N a chante laviktwa toujou.
Kouplè 2
Tout lè n ap mache sou tè sa a, Doulè kapab nwi nou fò, Men lè vwayaj nou va fini Nanpwen dlo nan je ankò.
Kouplè 3
An n chache pou nou ak Jezi, Touswit n a wè jan li bèl. Touswit pòt Syèl la va louvri, N a mache anwo avè l.
